

Radio Télé EWO
RADIO TELE EWO fèt nan lide pou rann omaj ak tout Ewo ak zansèt Ayisyen nou yo ki te batay, sakrifye epi trase chemen pou libète ak diyite pèp Ayisyen an. Platfòm sa a angaje l pou mete an valè richès lang Kreyòl la, kilti nou, istwa nou ak tout sa ki gen rapò ak edikasyon ak konsyantizasyon pèp la.
RADIO TELE EWO se yon espas ki pote enfòmasyon, fòmasyon, mizik, ak emisyon ki ede leve konsyans nasyonal pandan n ap prezève eritaj zansèt nou yo. Nou kwè konekte ak rasin nou se youn nan pi gwo fòs ki ka ede nou bati yon pi bon avni.
Nou envite chak Ayisyen, kèlkeswa kote yo ye, pou rete branche, paske konekte ak RADIO TELE EWO se konekte ak lespri zansèt nou yo.











