Skip to content
Opens in a new window
#44 -  'Sa m di se sa!' Twa Kalite Parantaj
07 November 2026

#44 - 'Sa m di se sa!' Twa Kalite Parantaj

Souvni On The Mike

About

Send us Fan Mail

Eske ou se yon paran ki gen sèlman 'Sa m di se sa!' nan bouch li? Yon paran ki chita pou eksplike, oubyen yon paran ki kite timoun nan fè prèske tout sa li vle? Semèn sa a, Souvni ak Valentin antre nan youn nan pi gwo deba ki genyen nan fanmi Ayisyen yo: diferans ki genyen ant paran otoritè, paran majistra, ak paran sitirè, ansanm ak kijan chak estil sa yo afekte timoun nan lè li vin granmoun. Ant blag sou sentiwon, rigwaz, ak kesyon 'Poukisa?' ke okenn paran pa renmen tande, emisyon an ap ede nou reflechi sou yon kesyon enpòtan: Ki kalite granmoun n ap fòme dapre fason nou leve pitit nou yo?

Enpi nan La Famille Pòt, Freya ak Tika sezi tande istwa Ovila and Dyak sou lavi yo ann Ayiti. Lè yo aprann Dyak te mache plis pase inèdtan pou ale lekòl, pa t gen telefòn, pa t gen entènèt, pa t gen Google, epi yo te ka voye elèv lakay si lajan lekòl la pa t peye, timoun yo rive nan yon sèl konklizyon: 'M pa konprann kijan lavi te egziste anvan Google!'

Support the show

Check our website/blog: https://sweetcoconuts.blogspot.com/