Mennen yon vi de sentete

Mennen yon vi de sentete

Fr. Johnny P.

About this podcast

Etanke Kretyen nou pakapab ap viv nenpot jan nou vle. Paske Bondye rele nou soti nan basin fenwa, epi li mete nou apa pou nou viv pou li sel. Se pou rezon sa le yo we nou yo ka fe diferans ant moun kap sevi Bondye e moun ki pap sevi Bondye. 2 Korent 5:17. Vye moun lan pase, nou se yon nouvo moun gras avek san Jezi Kris ki vese sou kwa pou nou, pou mete nou apa pou nou sevi Bondye epi vini pitit Bondye. Se pou sela, nou pakapab gen menm konpoteman anko, konpoteman mond lan. Paske nou delivre anba tout bagay nou te esklav yo ki te anpeche nou sevi Bondye. Menmjan apot Paul di, si map viv se pa nwen kap viv se paske Kris ap viv nan mwen menm. Se menmjan pou nou tou ki apsepte Kris nan lavi nou, se pa pou tet nou nap viv anko, men se pou Kris nap viv. Ke Bondye beni nou.

more

Top CategoriesView all