Epizòd 53 - Fui Ayiti pa vle di w kite Ayiti
06 December 2025

Epizòd 53 - Fui Ayiti pa vle di w kite Ayiti

Memo Pòdkas

About

Yon fraz paradòksal: "Je me rends compte que j'ai passé ma vie à fuir Haïti et que je n'ai jamais quitté Haïti." tire nan woman L'énigme du retour de Dany Laférière.

Nan epizòd 53 a, Samuel Simon ki te envite nou te vin ede n konprann sa otè vle degaje atravè fraz sa.

Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.

Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.