Anpil fwa nou panse nou anreta paske nou gade sou sa moun bò kote nou an ap fè, nou gade sou sa lot moun ap di, e sa yo fè nou mezire pakou nou ak pakou lot moun, poutan lavi a pa gen enreta ladanl. Si wap viv yon prosesis viv li byen, pran sanw pouw konprann li e jwi chak moman ki prezante, konsa lè moman sa ap fin pase wap kapab konprann li e wap kapab konnen rezon ak chak pati ki te prezante ladanl